Ti Gwav: Bandi sangwen touye “Ti Yvon” anndan lakay li, nan lokalite Bazil

833

06-18-2023

Ti Gwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun lokalite Bazil, dezyèm seksyon vil Ti Gwav, pantan nan lanwit vandredi 16 pou rive samdi 17 2023, sou  lanmò yon jèn gason ki rele Gupson Jean Francois alyas “Ti Yvon”.

Selon kèk revelasyon, ta sanble se bandi ki pa idantifyàb ki ta asasinen “Ti Yvon” sou kabann lakay li. Yon enfo ki ta pral konfime nan moman konsta legal kò sanvi a, aprè ke jij depè tribinal Vyalè a, Mèt Merso Bellabre te finn kesyone yon ti fiyèt defen ki konfime ke se tòtire ke yo tòtire papa li jiskaske yo kase janm li e yo pete je li.

Aprè pwosesis konsta legal la, jij Bellabre te òdone leve ak acheminman kadav la nan mòg.

Ti Yvon pran anpil kou avan li mouri! Yon dràm ki plonje anpil manm fanmiy lan ak vwazinay nan konstènasyon total.

Comments are closed.