Kontrèman a sa ke tout moun te kwè ki tap woule sou rezo sosyàl yo, Guerby Geffrard toujou vivan

488

05/06/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Nan yon entèview ke li bay Jounal anliyn RHINEWS mèkredi 5 me 2021, Guerby Geffrard toujou vivan.

Delege ou manm fondasyon sendika polis nasyonal (SPNH-17) te retwouve bonnanj li yè lendi 3 me a aprè ke moun yo pa arive idantifye krible l anba bal endividi ki pa idantifyàb.  Geffrard estime ke se “gras ak Granmèt la ak espwi yo ki pèmèt li resisite”.

Pou moun ki pa kwè nan sa ki rive’m nan, Geffrard deklare ke li resevwa 5 bal e ràd mwen te genyen sou mwen jou asasinay la ki la kòm prèv.  “Mwen pa fè anyen kont pèsòn moun sinon ke defann sa ki jis devan sye tout moun”, dapwè viktim nan ki pa ka esplike kòman li fè transpòte nan yon lopital anndan kapital la.

Asasinay Guerby Geffrard fèt samdi premye me 2021 an nan apwemidi nan zòn avni Christophe kote tout moun te panse li te mouri.

Comments are closed.