Pwemye Minis a.i. Claude Joseph pami sispèk ki gen men li tranpe nan asasina Bòs li, pwezidan Jovenel Moise, dapwè yon medya Kolonbi

703

07/15/2021

Objektif la, tankou plizyè mèsenè fè konprann li, objektif la se pa pou te touye pwezidan Jovenel Moise; men se te pou kidnape’l yon fason pou Claude Joseph ki se pwemye minis kapab fè dap piyanp sou pouvwà a, dapwè yon seri revelasyon.

Dapwè Radyo Karakòl nan peyi Kolonbi, enfòmasyon anketè fouyapòt FBI yo ansanm ak otorite ayisyèn yo ta kenbe zonbi PM Claude Joseph ak Doktè Christian Emmanuel Sanon ak Jhon Joel Joseph ki se yon ansyè senatè kòm sèvo zèfèyis nan asasinay pwezidan Jovenel Moise mèkredi 7 jwiyè 2021 an..

Toujou selon enfòmasyon yo, anketè fouyapòt yo ta genyen pou pwèv yon seri apèl zatrap telefonik anrejistre ak fotograf PM Joseph byen kadre ak mèsenè atoufè kolonbyen yo.

Comments are closed.