MENFP anonse yon latriye mezi anfavè elèv 9èm ane fondamental yo.

1,063

Konnya elèv nevyèm ane yo pral ka chwazi konpoze an kreyòl oubyen an fransè, se nouvèl mezi ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la.

06-18-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, anonse yon latriye mezi ki vize amelyore sistèm evalyasyon lekòl yo. Nan yon desizyon ministeryèl ki pibliye 14 jen 2023 pase a, minis la fè konnen tèks egzamen yo ap disponib konnya a nan tou 2 lang ofisyèl yo, apati ane akademik aktyèl sa a.

Sa vle di, elèv nan klas nevyèm ane yo pral kapab chwazi si yo vle, konpoze an kreyòl oubyen an fransè.

Anplis de sa, MENFP devwale nan dokiman an, lis ofisyèl matyè yo ak koyefisyan yo pou tès yo nan 9èm ane fondamantal la.

Daprè enfòmasyon MENFP bay, matyè yo evalye nan nivo sa a gen ladan: matematik, kreyòl, fransè, anglè, panyòl, syans sosyal (enkli edikasyon sitwayènte), syans eksperimantal, edikasyon estetik ak atistik, edikasyon fizik ak espò, ansanm ak inisyasyon nan teknoloji ak aktivite pwodiktif.

Yon karakteristik enpòtan pou sonje, pandan egzamen ofisyèl yo, tout matyè yo, eksepte anglè ak panyòl, yo pral prezante bay elèv yo an kreyòl ak fransè.

Pou MENFP, desizyon sa a gen pou objektif garanti yon pi bon konpreyansyon nan matyè egzamen yo pou tout elèv yo.

Anplis de sa, MENFP bay yon egzijans adisyonèl konsènan aprann anglè apati twazyèm ane fondamantal. Mezi sa a daprè ministè a pral reflete enpòtans yo bay akizisyon bonè nan ladrès lang esansyèl pou siksè akademik ak pwofesyonèl.

Ministè a ensiste pou nouvo direktiv sa yo otomatikman antre an vigè e li mande direktè depatmantal yo, kowòdonatè edikasyon debaz yo, direktè lekòl yo ak enspektè zòn yo, ansanm ak direktè lekòl piblik ak prive yo, pou asire yo aplikasyon estrik mezi sa a.

Comments are closed.