Aprè gro lapli ki te finn tonbe nan Grandans lan, popilasyon an pa konnen ki sa pou li fè anba maladi kolera.

842

06-18-2023

Grandans, Ayiti____(TRiboLAND) Direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Angello Duvelson ki tap entèvni nan yon forum sou kesyon dwa moun ke komite teknik entèministeryèl la te inisye,
pale de epidemi kolera a ki refè sifas nan kèk komin nan depatman Grandans lan.

Deja direktè a fè eta de 2 mò nan lopital Wozo, pandan ke l’ap teni kont yon seri moun ki mouri nan kominote yo.

Doktè Angello Duvelson, fè konen direksyon sanitè Grandans lan itilize rezèv medikaman ak materyèl ke ministè a te genyen an rezèv; sa pa vle di pou otan pa genyen ijans ak nesesite pou apwovizyone depatman an ak lòt moyen ki kapab ede konbat maladi a. konsa, li espere sa ap kapab ede genyen mwens moun ki mouri anba maladi kolera a atravè depatman Grandans lan.

Comments are closed.