Refleksyon Me Andalasse Mertilus sou zafè fèt Sentàn lan

801

26 jiyè : fèt Sentàn, li pa fèt Anse-À-Foleur. Poukisa?

07-26-2023

Zafè konfonn fèt Sen yo ak fèt komin yo, se yon tradisyon kolonyal ki akayik menm leta a poko rive divòse ak li menm jan nou poko ka antre nan modènite.

Nan peryòd kolonyal la, pawas yo se yo ki te komin yo, administrasyon pawasyal la se li ki te kwafe administrasyon piblik la. Lè pawas la ap fete se tout administrasyon an kap fete tou.

Nou dwe sonje, Endepandans lan te gen pou objektif tou; chanbade koze sa, men legliz katolik, relijyon kolonyal la, tèlman pwisan, premye dirijan yo:1804-1960 te plis atake vodou olye yo te poze pwoblèm sa.
Depi 1804 te gen ti aksyon pou afebli legliz katolik, se poutèt sa Vatikan te pran gwo dispozisyon poul fè Ayiti siyen KONKÒDA 1860 lan ki pral fè leta Dayiti, yon Leta Katolik. Yo pran kontwòl lekòl la ki se pi gwo zam nan epi yo tou limite Endepandans lan.

Leta mete nan bidjè li finansman pou fèt Sen yo ak tout lekòl kongreganis yo. Nan fen rejim Lescot a(1946) pwoblèm sa yo vin ap poze jouktan nou rive sansibilize sosyete a sou yo. Kòm KONKÒDA 1860 lan te dwe revize 100 lane aprè, enben nou te tou mande revizyonl, se poutèt sa nan lane 1960, revizyon KONKÒDA a pral diminye dominansyon legliz katolik sou Leta a. Anpil moun pral di se Duvalier ki revize KONKÒDA 1860 lan, NON ! Se nan KONKÒDA a menm li te prevwa revizyon an aprè yon syèk.
Duvalier pat vle metel anfas legliz katolik, li tap laloz paskel konnen USA tap jetel pou sa. Duvalieriste yo pral fache, men prèv dokimantè yo la.

Aprè nou fin fòse Jean Claude Duvalier kite pouvwa a, nou redije konstitisyon nou, nou mete fen nan koze relijyon ofisyèl ak relijyon Deta(atik 30 konstitisyon 29 Mas 1987), men sa pa anpeche nap vyole atik 30 konstitisyon an, nan mete lajan nan bidjè Nasyonal la pou fèt patwonal, nou pajanm bay tanp vodou yo 1 goud, nou pajanm bay legliz pwotestan yo 1 goud sof lè yo mande yon Palmantè.

Tout chèf Leta yo toujou al pran Te Deum nan legliz katolik, sèl Leslie Manigat ki pat fè sa e jis nan minit nap pale la a, yon chèf leta pagen dwa sa, yon lise pagen dwa sa. Paske w paka fòse yon timoun ki vodouyizan oubyen ki mizilman pran mès katolik, konstitisyon an pa dakò.

Si fèt Sentàn se fèt Anse-À-Foleur, sa vle di tout moun Anse-À-Foleur se katolik. Poutan chaje tanp pwotestan, tanp vodou ak lòt ankò nan komin nan. Sak pi rèd la, menm lè tout moun Anse-À-Foleur ta katolik, ou paka di se fèt Anse-À-Foleur paske se nan Pawas Sentàn sèlman fèt la ye pou fidèl pawas la.
Sen Joachim pa egzanp se 16 Dawout nan Bas-de-Sainte Anne, li nan komin Anse-À-Foleur.
Se pa anyen mwen genyen ak legliz katolik, men nou dwe ede w konprann bagay yo pi byen.
Arete ki pote kreyasyon Komin Anse-À-Foleur a, li siyen 14 Septanm 1885 sou prezidans Salomon. Donk, fèt Anse-À-Foleur ki konsène tout moun nan se 14 Septanm li dwe ye. Nou gen anpil bagay pou nou fè poun rive nan Ayiti nou vle a.

Andalasse Mertilus
Zanmi legliz katolik

Comments are closed.