Ministè Edikasyon Nasyonal entèdi kou ratrapaj kap fèt pou tchotcho nan lekòl piblik yo

1,313

05-27-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon kominike pou Laprès, Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl mete deyò jounen vandredi 26 me 2023 a, li entèdi pwatik kou ratrapaj kap fèt nan lekòl piblik yo pou lajan. Ministè a denonse zak malonèt sa, kote pwofesè ki gen pou fè kou pa prezan nan sal klas yo pandan yap òganize kou ratrapaj pou lajan ak elèv yo. Yo kontinye denonse konpòtman divès anseyan ki pa vini nan lelòl Leta yo, alòske y’al fè kou nan lekòl prive yo.

Nòt sa konsène tout Direksyon Esikasyon ki nan 10 depatman jewografik peyia, dirèktè lekòl yo, komite elèv yo, konsèy lekòl yo, asosyasyon paran yo, tout paran ak elèv yo pou yo lage koukouwouj dèyè anseyan movèz fwa ki antre nan lojik sa. Tout travayè gen dwa pou-l pwoteste lè li pa satisfè, men li gen devwa tou lè li touche pou li bay sèvis, sitou pou timoun lekòl piblik yo ki deja pèdi anpil jou lekòl akoz sitiyasyon peyia.

MENFP mande tout anseyan pou fè apèl ak konsyans pwofesyonèl ak sans responsablite sila yo ki touche, epi li pa al bay sèvis la. Responsable yo konkli pou di, yap kontinye dyaloge ak sendika anseyan yo sou revandikasyon pwofesè yo nan lekòl piblik yo. Pandan yo salye ak remèsye tout anseyan ki pa sispann akonpaye elèv yo nan moman difisil sa.




Comments are closed.