MENFP fè konnen anviwon 10.000 lekòl deja anrejistre anliy atravè 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

860

Anviwon 10.000 lekòl deja anrejistre anliy sou sit Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, sòti nan dat 27 Mas 2023, pou rive 21 avril 2023.

04-23-2023

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Sistèm anrejistreman anliy Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te lanse a,ap vanse seryezman. Sòti nan dat 27 mas pou rive 21 avril 2023, anviwon 10.000 lekòl atravè 10 depatman jewografik peyi a, deja fè aparisyon yo sou sit la.

-Depatman lwès 3378
-depatman Latibonit 1549
-depatman Nò 1033
-depatman Sant 873
-depatman Nòdwès 761
-depatman Sid 658
-depatman Sidès 552
-depatman Nip 495
-depatman Grandans 422
-depatman Nòdès 418

Pou Minis Edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, nouvèl etap sa a pral pèmèt ministè a otantifye yon rejis nasyonal epi akredite lis lekòl ki reponn ak egzijans yo.

Nap raple ou, toujou dapwè nòt ministè a, menm lekòl sa yo pral kapab enskri anliy elèv 9è AF, ki pral patisipe nan egzamen ofisyèl Leta a.

Comments are closed.