Kawo-Dati: Plis pase 70 jèn resevwa sètifika patisipasyon yo, nan kad seremoni kloti dezyèm jounen fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND lan.

873

Plis pase 70 jèn gason ak jèn fanm nan dezyèm seksyon Kawo-Dati, resevwa sètifika patisipasyon yo; se zèv byenfezans Fondasyon TRiboLAND, nan zafè fabrikasyon pwodui chimik.

06-17-2023

Basen-Ble, Ayiti____(TRiboLAND) Se avèk anpil souri sou lèv, Fondasyon TRiboLAND klotire 2 jounen fòmasyon sou fabrikasyon pwodui chimik gratis nan dezyèm seksyon kominal Kawo-Dati, komin Basen-Ble, jounen samdi 17 jen 2023 a.

Fòmasyon sa a, ki te òganize ak plis pase 70 patisipan, ki te sòti nan divès lokalite tankou : Labous, Guèt, Nan Ganyè, Dewoulen, Debwa, e Savann Mak, poun site sa yo sèlman, ta pral reyini nan lekòl Nasyonal Kawo-Dati a, kote ke patisipan yo ta pral aprann fè plizyè pwodui tankou : krèm mango, kètchòp, vinèg, kremas mango, tabasko, savon likid, pafen ak yon latriye lòt pwodui ke nou pa rive site.

Klotire ak yon seremoni gran panpan, plis pase 70 jèn gason ak jèn fanm sa yo, ta pral resevwa sètifika yo, yon mannyè pou al sèvi tèt ekonomikman e fasilite nouvo pwodwi tout kalite antre sou mache a, patikilyèman nan seksyon kominal Kawo-Dati.

Comments are closed.