Fondasyon TRiboLAND ap miltipliye resous li yo nan bay Timoun ak Jèn e Granmoun Fòmasyon gratis

1,085

08-26-2023

Gwo Mòn, Ayiti ____(TRiboLAND) Lendi 21 pou rive madi 22 dawout 2023, Fondasyon TRiboLAND pèmèt anviwon plis pase 50 timoun benefisye fòmasyon sou “art floral ak desen” nan Lise Jacques Roumain” nan Gwo Mòn, depatman Latibonit.

Timoun yo ki te soti nan plizyè zòn te aprann fè “art floral, ak desen”, yon aktivite ki te kore distraksyon yo nan moman vakans lan. Se te 2 jounen ki te reyisi total avèk yon kantite timoun ki pat kache veleyite yo pou aprann. Madam Carmela e mesye Benoit Prophet ki te trè eksperimante nan sa yo tap delivre bay patisipan yo, te ekspwime satisfaksyon yo.


Fondasyon an ap kontinye envèsti nan jèn fanm ak jèn gason paske li rete kwè ke edikasyon se baz devlopman. Ekip la remèsye tout paran ki te konfye TRiboLAND chovi yo, yon fason pou yo te vin rann jounen fòmasyon sila posib. Yon ekip byen motive anba sipèvizyon yon fanm djanm ki se Lucienne Adelus.

Anpil paran bat bwavo, ak kontantman pou Fondasyon TRiboLAND nan Gwo Mon, ki genyen an tèt li kòdonatè ou edikatè Dossou Aurelus Pierre. Mouvman an, bay tèt li misyon, pataje konesans ak timoun tankou granmoun. Nap raple, Fondasyon TRiboLAND bay tèt li misyon pou fòme jèn tout kalite nan peyi a nan konpetans abilite, yon fason pou redwi monte delenkans jivenil la.

Comments are closed.