Prezidan ADCNO a voye mo ankourajman li bay Prezidan repiblik la

217
Jimmy DERISMA

02/19/2021

Pòdpè_____(TRibOLAND) Prezidan Asosyasyon Depatmantal Kazèk Nòdwès la, Msye Jimmy DERISMA, ki li menm, kòdonatè katèl kazèk sizyèm seksyon Polen-Lakòn nan, nan yon entèvyou ke li akòde korespondan TRiboLAND yo, fè konnen asosyasyon lap dirije a, ap mache trè byen malgre konjonkti politik la ki an debanday.

Yon asosyasyon ki konte anviwon 117 manb ki epapiye nan 39 seksyon kominal nan depatman Nòdwès e ki mete kanpe yon prezidan nan chak komin.

Pou Jimmy DERISMA, si tout fwa yo pako ka rive rejwenn popilasyon an ak latriye pwomès yo te fè yo, se paske Prezidan repiblik la, Jovenel Moise, twouve’l nan yon sityasyon politik malmakak. Li kontinye poul di, yo paka kritike chèf leta a,paske nan kòmansman manda a, Prezidan an te genyen anpil volonte, malerezman kriz politik, peyi lòk, chanjman minis sou minis, mete sou kowona lakòz Jovenel Moise paka avanse jan poul ta avanse.

Poze’l kesyon sou tretman salaryàl ke yo bay manm kazèk yo, Prezidan kazèk la, deklare ” se prèske tout katèl anndan peyi a, ki genyen anviwon 13 mwa san touche senkòb Lesko.

Yon lòt bò, li felisite Prezidan Jovnèl Moyiz, pou kouraj li ak detèminasyon’l lèl rive mete tout bon vre depatman nòdwès la sou wout chanjman. Li soulinye eta kritik vil Pòdpè ak delabreman li, kote lapli, solèy, pousyè pat janm jwe anfavè vil saa; pou li menm, Prezidan repiblik la deside chanje konplètman imaj vil la, lèl deside retire vil sila nan fatra, labou, salibrite ak malpwòpwete.

Paralèlman, Jimmy DERISMA tire pye sou fason yap eksplwate (sab, gravye, wòch) nan seksyon kominal lap dirije a, alòske wout lakay li toujou rete nan yon sityasyon kritik.

Pou fini, Prezidan manm kazèk yo nan depatman Nòdwès la, mande Prezidan Jovenel, kenbe la pa pran nan presyon ak entimidasyon opozisyon de grenn gòch la, yon mannyè pou kontinye fè travay popilasyon an, jan’l te pwomèt yo a.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.