Fanmiy Beauzile ap mande bourad ekonomik pou liberasyon Judith Beauzile ke bandi sangwen kidnape

965

07-26-2023

Okay, Ayiti______(TRiboLAND) Selon Fabiola Beauzile ki se yon sè Judith Beauzile ke yo kidnape ki tap pale nan laprès, konfime ke se nan twazyèm sikonskripsyon Pòtopwens lan, jou mèkredi 19 jiyè 2023 a, ke bandi yo te poze zak la.

Judith Beauzile ki tap kite kapital la, nan otobis konpayi “Voix des Anges”, ta pral pèdi libète kòm moun nan moman bandi sangwen yo te mande chofè machinn nan pou kanpe yon fason pou yo te poze lapat sou li.

Kriminèl yo fè Judith desann e yo ale avèk li, dapwè sa moun ki te nan bis la rapòte bay fanmiy la. Konsa, Fabiola Beauzile konfime, ke se yon sèl fwa yo tef è fanmiy lan pale ak Judith. Se konstènasyon vant mare total kapital pou yon fanmiy ki pa genyen 2 ran dan li.

Nan yon premye tan, bandi yo te egzije $300,000 blan meriken pou liberasyon Judith. Konsa, aprè anpil bwàs, yo ofri fanmiy lan 200, 000 dola, alòske fanmiy pa konnen ki sen pou yo rele nan moman, kote ke bandi deklare ke se yo menm kap okazyone lanmò Judith.

Comments are closed.