Plizyè komisè gouvènman nan divès jiridiksyon peyi Dayiti, ki pa sètifye kòmanse resevwa lèt revokasyon yo.

1,062

Gouvènman defakto Ariel Henri a, tchoule e mete deyò 2 komisè gouvènman.Yonn nan tèt pakè Kwadèboukè a, epi lòt la, nan jiridiksyon Jeremi.

06-17-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) 2 komisè gouvènman ta sanble deja resevwa lèt revokasyon yo epi ranplase san pèdi tan. Mèt Roosevelt Zamor ak mèt André Marie Pyram, se non 2 komisè gouvènman sa yo, gouvènman defakto Ariel Henri a, tchoule e mete deyò, respektivman nan pakè Kwadèboukè ak Jeremi, pou tèt yo ta sanble pa sètifye.

Komisè ki ranplase nan pòs sa yo se, Mèt Narcesse Solages pou pakè Kwadèboukè, mèt Alexandre Jean Marie.

Kontrèman ak sa kap sikile, enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon TRiboLAND, ta fè kwè, wa Ariel Henry, deside revoke komisè sa yo, poutèt yo tap reklame ogmantasyon salè yo, nan jou ki sòt pase la a.

Pou anpil moun, gouvènman defakto PHTK Ariel Henri a, deja gen yon plan makab pou revoke majorite komisè gouvènman ki tap fè grèv nan mwa pase yo.

Comments are closed.