OFLAJ selebre 40 lane egzistans li nan vil Pòdpè, epi anonse lansman ofisyèl yo jounen mèkredi 22 fevriye 2022 a.

1,189

Plizyè dizèn moun te reyini nan lokal kay Frè yo nan vil Pòdpè, pou selebre 40 lane egzistans Òganizasyon Flanbo Jèn yo.

02-23-23

Pòdpè,Ayiti____(TRiboLAND) Nan prezans divès otorite jidisyè, minisipal, eklezyastik ak sanitè, tankou : Dwayen a.i tribinal sivil Pòdpè a, Mèt Kepler M. Desravines, Merès Yanick Augustin, Dr Saely Polycarpe, Agr Jean Garry Sanon, Past. Franklin Antoine, komite egzekitif òganizasyon Flanbo Jèn yo, selebre epi lanse ofisyèlman 40 lane egzistans yo nan site Kapwa Lamò a, patikilyèman nan lokal Frè yo.

Nan omeli sikonstans lan, Past/Agr Jean Garry Sanon te tou pwofite fè yon avanse istorik kote’l soulinye nesans pwojè liberasyon peyi Dayiti nan Nòdwès ak esklav Padre Jean. Pou agr. nan, objektif òganizasyon an pa kontrè. Okontrè, se goumen pou inisye divès pwojè sosyal, ekonimik kou kiltirèl nan lide pou fasilite enplikasyon sitwayèn ak sitwayen yo nan devlopman Nòdwès la.

Pwomèt yon amelyorasyon nan depatman Nòdwès la, prezidan Louisno Joseph nan diskou li fè konnen, òganizasyon yo ap batay pou valorize dwa moun paske san resous sa a, yo pap kapab fè anyen.

Comments are closed.