Rezidan Turgeau kontinye ap mande ak barikad anflame liberasyon yon ajan sekirite ameriken

401

12\12\20


Pòtoprens_____(TRiboLAND) Van protestasyon pa sispann paralize sikilasyon an nan Turgeau akoz anlèvman ajan sekirite anbasad ameriken an ki rele Kensy Civil ke bandi sangwen ame kidnape ayè mèkredi 9 desanm 2020 an.

Residan vwazen yo ki estomake pou gro magogo lajan, swa 200 mil dola biyè vèt ke ravisè yo reklame pou liberasyon ajan an, mete zòn Turgeau depi kèk tan anba gro panik protestasyon. Mouvman protestasyon sa ki fèt ak barikad anflame, wòch ak kakas machin an bandoulyè nan plizyè riyèl te paralize sikilasyon an nan malgre  prezans kèk ajan UDMO nan lokalite a.

Sitwayen yo ki deklare ke lavi Kensy pap pase tankou bèf Seyid la, mande swa dizan otorite yo pou pran responsablite yo yon fason pou sitwayen ayisyen an kapab jwen ti moso trankilite, sekirite ak lapè.

Comments are closed.