Nòdwès – Dosye trafik zam : arestasyon Jonas Georges, propriyetè Bato Miss Lily a

2,682

07-05-2022

Jonas Georges ki se propriyetè bato Miss Lily, jwen arestasyon li jodi madi 5 jiyè 2022 a vè 3 zè apremidi a nan vil Pòdpè.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Jonas Georges ki se propwiyetè bato ki te debake yon katafal latriye minisyon tout kalite yè vandredi a nan ladwann Pòdpè a, se yon ansyen polisye demisyone. Li jwen arestasyon li aprè ke komisè gouvènman a.i Tribinal Premye Enstans Pòdpè, Mèt Michelet Virgile te desène yon “Manda Mennen Pote Vini” kont Jonas Georges ki genyen gro akizasyon “komès zàm” ak enplikasyon “asosyasyon malfektè”.

Jonas Georges, se pami yon kantite lòt moun ki genyen manda ki desène kont yo; pami yo ou jwen “Nènè ainsi connu”, Eddy Lafrance ak Marie Guilène Estimable.

Jonas Georges ki trouve li dèyè bawo nan moman sa, ap kapab sèvi yon bonjan materyo ki kapab fasilite gro envèstigasyon ki antreprann sou yon parèy dosye bwilan ki leve plim sou do yon pakèt sitwàyen nan vil Pòdpè. Sitwàyen yo estime ke sangwen sa yo depase kriminèl! Fwà sa yo pap kite jistis kòwonpi a fè toubouyon ak yo parèy dosye, nan kase fèy kouvri sa e pran lajan anba anba pou libere koupab yo!

Pou anpil moun, annafè kriminèl yo kap detwi peyia, dwe peye sa chè! Se yon seri kriminèl degize ki danse kole ak yon kò mafya nan site Kapwà Lamò a kap propilse yon endistri trafik zam ak dròg atravè depatman Nòdwès (Pòtaleki, Labe e Latòti). Yo genyen egalamn gro ramifikasyon ak divès group nan lòt depatman.

Nap raple, lajistis nan Nòdwès poze sele sou bato Miss Lily egalman, yon fason pou ka rapouswiv ak envèstigasyon yo.

Comments are closed.