Enkyetid nan Mafran : Pasrèl sòl an bwa ak kab metalik nan lokalite Payas riske mete dlo nan je peyizan yo

07/10/2026
Mafran, Ayiti_____(TRiboLAND) Pasrèl sòl an bwa ki fèt ak kòd metalik mobil la ki twouve li nan lokalite Payas, nan komin Mafran nan depatman Grandans peyi Dayiti, pa sispann lage enkyetid nan bonnanj sitwayen yo. Pon sila ki genyen yon bon bout tan ap fasilite deplasman yon bon valè moun ki ale nan seksyon Ravinn Achal, menase efondre ak yon latriye moun kap frekante li chak jou ki jou. Kloti metalik la ak sòl an bwa a, pa kapab genbe ankò.
Estrikti sila ki sove lavi anpil peyizan, ap deteryore anba je ak enkonpetans leta iresponsab la. Madriye planch yo ap finn kraze, sipò ou kloti gril metalik yo ap wouye e sekirite pasan yo an boulatcha. Plizyè entèvansyon arrive fèt pou klewonnen male pandye a, nan boul zòrèy otorite konsène yo, se lave men swiye atè!
Antouka, si se pa jodi, se petèt demen; yon jou konsa, rèl genyen pou pete lakay Makorèl; malgre se pa sa TRiboLAND.com ta swete. Leta koupyon an petèt ap kapab fè entèvansyon inikman lè rèl pete ak sentimare!






