Koulya se tou pa Gracia Delva ak Prophane Victor nan lis sanksyone peyi Kanada yo

949

06-15-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Anpil mount e panse sanksyon peyi Kanada yo kont yon seri politicyen ak richyen ayisyen te pran yon poz, epoutan, ta sanble yo apènn ak demare.

Nan yon enfo ke li rapòte sou kont twitter li, jodi jedi 15 jen 2023 a, Anbasad Kanada nan peyi Dayiti, atravè Anbasadè Sébatien Carrière, fè konnen peyi Kanada ajoute ansyen senatè Latibonit la, Gracia Delva ak tout ansyen depite Prophane Victor, Ti Rivyè Latibonit.

Anons yon parèy sanksyon fèt nan moman ouvèti yon reyinyon ministriyèl sou kriz peyi Dayiti, kote ke minis Afè Lòt Bò Dlo peyi Kanada a, Mélanie Joly twite Anbasadè Sébatien Carrière.

Sepandan, 2 palmantè sa yo ki ta deja ap fè pale de yo nan yon seri zak krimininèl tout kalite, poko konnen ki sa peyi Kanada repwoche yo nan kad sanksyon sila.

Comments are closed.