Endividi pèsòn pa rive idantifye pote ale epi mete dife nan lokal komèsyal konpayi Sun Auto nan Taba.

929

06-13-2023

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Zak piyaj yo kontinye ap pran chè nan depatman Lwès peyi Dayiti. Nan lannwit 12 pou leve maten 13 jen 2023, endividi pesòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long nan men yo, pote ale majorite sa yo jwenn epi mete dife nan lokal komèsyal Sun Auto.

Konsta dega yo ireparab. Endividi yo pote ale plizyè mak machin tankou : “Honda”, Hyundai, san konte divès lòt kay ke yo piye ak yon latriye moun ki kidnape.


Enfòmasyon kap sikile yo ta vle fè kwè zak zenglendinay sa yo, ta genyen gwo resanblans ak gang Vitelhomme nan, kap opere nan Taba.

Nap raple ou, aprè gwo atak malonèt sa a, pèsòn pa gen okenn enfòmasyon sou ajan sekirite kite sou pòs yo, sa ki lakòz, anbasad peyi Jamayik ki tap fonksyone nan menm lokal ak “Sun Auto”, anonse yo fèmen pòt yo pou yon ti bout tan.

Comments are closed.