Lapolis ak lajistis nan vil Okay poze lapat sou yon bandi kriminèl manm gang “5 Segond”, nan zòn Pò-Sali.

849

Junior Bastien, se non yon kriminèl sangwen nan baz gang “5 Segond” ke lapolis mare kou krab, ayè vandredi 9 jen 2023 a, nan Pò-Sali.

06-10-2023

Okay, Ayiti____(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon miskle ak jarèt tranble, komisè gouvènman pakè Okay la tap mennen nan tèt kole ak lapolis, yo rive pwosede ak arestasyon yon bandi notwa ki pote non, Junior Bastien, ki tap opere nan baz gang kriminèl “5 Segond” anba lobedyans bandi sangwen Izo.

Komisè gouvènman pakè Okay la, Mèt Ronald Richmond, ki tap pale, fè konnen, Junior Bastien, te genyen divès akizasyon sou do li tankou : anlèvman, vòl men ame, vyòl, konplo kont sirte enteryè Leta, asasina ak asosyasyon malfektè elatriye.

Nap raple, kriminèl sangwen an, jwen arestasyon li nan zòn “Bwa Ba”, yon lokalite nan Pò-Sali.

Comments are closed.