Ansyen Senatè Jean-Baptiste Bien-Aime kalifye ensekirite a kòm rezilta enkonpetans ak pasivite dirijan nou yo.

2,262

07-19-2022

Wanament, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan kad yon entèvyou li te bay redaksyon jounal Liberté a nan lokal nan Wanament, ansyen senatè m al, Mesye Jean-Baptiste Bien-Aimé pale de ensekirite a kap travèse peyi a.

Mesye Bien-Aimé fè konnen fenomèn ensekirite peyi a ap fè fas depi lontan an soti nan mannèv politik sèten dirijan ki vle a tout pri kenbe sitiyasyon an nan avantaj oliga yo. “Problem ensekirite aktyèl la atravè peyi a reponn ak yon pwojè politik ki byen ókestre depi kèk tan pou ranfòse sistèm inegalite sosyal la aprè asasina Papa Fondatè nasyon an Jean-Jacques Dessalines. Estrikti sa vize pou ranfòse sistèm kontwòl kominote entènasyonal la sou Ayiti.

Ansyen senatè a kwè ke vag ensekirite sa a se yon zouti ki kreye pou dekouraje moun manifeste pou mande manje, lasante, edikasyon, travay, epi rele byen fò kont inegalite sosyal ki ap dirije peyi a. Li kwè tou pou enpoze sistèm sa a, fòk gen yon pwojè. Epi pwojè sa a ki rele “Bandit Legal; li kòmanse apti 2010 ak aparisyon mesye Michel Joseph Martelly ak akolit li yo (Sonson La Familia, Baz Galil, elatriye).

Pou ansyen senatè repiblik la, kominote entènasyonal la se youn nan prensipal jwè nan kriz ensekirite a anndan peyi Dayiti. Li eksplike diferan chimen moun konsène yo swiv pou akouche kansè sa a k ap ekstèmine sosyete ayisyèn nan”. Apre depa Martelly, mesye Jovenel Moïse, malgre volonte l pou te fè yon bagay pou peyi a, gwoup moun sa a pran l an otaj. Malerèzman Jovenel sèvi yo pou yo kontinye egziste e an menm tan ranfòse sistèm sa a. Devan sitiyasyon sa a, Prezidan Jovenel Moïse te oblije aksepte sipò entènasyonal pou federe gang ame yo.

Ansyen senatè a envite popilasyon an mobilize, fwa sa a, pou pa di “viv ou aba” men pou denonse inegalite sosyal, konsa li kwè dirijan sa yo gen enterè ki lye ak oligachi ayisyen an ak gang ame yo.

Mesye Bien-Aimé poze kesyon sou fonksyonman peyi a. Li kwè ke peyi a an jeneral ap fè bak. Se yon sistèm dezòganizasyon jeneralize ki mete an plas. Kidonk, komin Wanament se youn pami viktim yo. Se poutèt sa, anpil pwojè yo bloke nan pwogrè. “Menmsi mwen te gen dezakò ak gouvènman Jovenel Moïse la, fòk mwen rekonèt ke li te fè efò atravè pitit gason Wanament sa a, Aviol Fleurant pou bay vil la yon bèl plas piblik. Sepandan, konstriksyon an nan plas sa a te kreye yon konfli depi nan kòmansman an. Gen yon gwoup ki pito yon devlopman nan plas la pou ankouraje efò mesye Lévy Pwofèt. Evantyèlman li te detwi. Lajan yo deja disponib e travay la kòmanse. popilasyon Wanament lan dwe reveye pou fè presyon pasifikman epi mande pou travay konstriksyon an fini pi vit posib,” daprè mesye Jean-Baptiste Bien-Aime.

Jn Simon Manex

Comments are closed.