Maine: Yon jènn koral ayisyien pèfòme nan Newcastle

0 611

Newcastle, Maine__(TRiboLAND) Les Petits Chanteurs, yon gwoup ti chantè ayisien ki genyen apepwè 30 tifi ak tigason ki aje ant 10 a 16 tap pèfòme yèswa vè 7 pm nan Dezyèm Legliz Kongrasyonèl nan Newcastle nan eta Maine. Yon pwogram ki te fokis sou yon konbinezon chante fòlklòrik ak mizik sakre lakay. Vwayaj sa antre nan kad yon toune gwoup la ap fè atravè Etazini.

Les Petits Chanteurs

Chantè sa yo ki soti nan diferan lekòl elemantè atravè Pòtopwens fè pati yon gwoup de 1,500 jènn kap pwan fòmasyon mizik nan Lekòl Mizik Sent Trinite ki fonde depi 1956 nan Pòtopwens. Sant lan ki pwan timoun nan laj 7 lane pou pi piti, òganize tou mizik kan dete ki ede yo pwepare pou konsè avèk tour yon fason pou yo kapab kolekte fon pou rebati lekòl la ki te konplètman kraze nan gwoudou gwoudou 2010 la.

Premye fwa koral la te vizite Etazini se te nan ane 1984, depi lè sa yo deja fè 13 toune e dènye fwa-a se te an 2017. Nan lane 1970 yo, gwo Òkès Senfoni Boston an te envite etidyan ayisyen yo nan yon pwogram mizik kan dete ki tap fèt nan Tanglewood. Konsa, depi lè a tou, venn genyen kan dete pou mizik kap fè chak ane nan Leogann, ki a 25 kilomèt Wès Pòtopwens.

Chantè yo kap pase plizyè jou nan eta Maine, te jwenn bèl ospitalite bò kote responsab kominote Legliz Episkopal Sent Andre-a ansanm avèk Dezyèm Legliz Kongrasyonèl la ki nan Newcastle nan eta Maine. Konsè ayè Samdi-a te gratwit, men donasyon te volontè!

Leave A Reply