Legliz pwotestant rele 2 men tèt fas ak kalamite ou katastwòf natirèl kap sekwe depatman Grandans peyi a.

1,064

06-10-2023

Grandans, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak ansanm katastròf natirèl yo ke depatman grandans lan sibi e ki detri tout enfwastrikti elatriye, Legliz Pwotestant nan depatman Grandans peyi a, fè santi konstènasyon li, e mete 2 men nan tèt sou sa kap pase depatman an. Tankou soti nan youn e rive nan yon lòt: syklon matye 3,4 oktob 2016, tranbleman tè 14 dawout 2021 an, mete sou mouvman latè tranble jou ki te 6 jwen 2023, ki te melanje ak inondasyon elatrye; yon sitiyasyon ki mete majorite popilasyon Grandans lan ajenou e pi vilnerab.

Fas a vilnerabilyte sila, preske tout kouch sosyal yo nan depatman an, pa konnen ki sen pou yo rele, daprè Kòdonatè depatmantal Federasyon Pwotestant yo nan Grandans, Pastè Jean Ouston Lestin ki te akonpaye sekretè jeneral la, Pastè Remy Bernadé. Konsa, nan yon bat bouch ak laprès, yo mande pou leta ayisyen pran an konsiderasyon konsekans ansanm katastròf natirèl sa yo akè ak tout sa viktim yo pa genyen pou yo viv tankou moun.

Dirijan legliz katolik yo nan Grandans, poze pwoblèm kay yo ki fisire; kidonk, yo reprezante danje pou kelkeswa moun li ye a nan depatman an. Fòk leta fè yon travay evalyasyon kay yo ki frape anba katastròf sila yo, e aji ankonsekans jis pou anpeche plis moun viktim.

Comments are closed.