Aksidan avyon nan peyi Kolonbi aprè yon mwa: kèk tras ede yo jwenn plizyè timoun

854

06-10-2023

Bogota, Kolonbi______(TRiboLAND) Otorite yo arive jwen 4 timoun tou vivan nan jeng Amazòn nan peyi Kolonbi yon mwa aprè yon avyon te kraze avèk yo nan moman yo tap vwayaje.

4 ti inosan say o ki se frè ak sè e ki nan laj ant 1 e 13 lane, pase plis ke yon semèn ap fè bwas pou yo te kapab suviv aprè yo te konstate manman ak papa yo mouri sou plas nan aksidan avyon an.

Manèv sekouris yo te prèske rive nan bout yo, sepandan olye yo te kanpe, yo te finalman jwen siyn tankou plasman pye ak rès fwi sovaj ke yo tap eseye manje pou suviv, bay teknisyen chèchè yo espwa ke timoun yo te toujou anvi.

Comments are closed.