Fondasyon TRiboLAND lanse yon lòt fwa ankò, yon gran seminè sou fabrikasyon pwodui chimik nan seksyon kominal Kawo-Dati, komin Basen-Ble.

970

Fondasyon TRiboLAND lanse, pou yon lòt fwa ankò, yon gran seminè sou fòmasyon fabrikasyon pwodui chimik; sèt fwasi nan seksyon kominal Kawo-Dati, komin Basen-ble, sòti nan dat 16 pou rive 17 jwen 2023.

06-10-2023

Basen-Ble, Ayiti____(TRiboLAND) Nan sousi pou kanpe goumen kont fenomèn delenkans jivenil lan ,kap taye banda, e pou diminye fenomèn ensekirite a nan depatman Nòdwès la, Fondasyon TRiboLAND deside lage degidon ak yon seri ekip fòmasyon, pami yo : Fòmasyon sou “fabrikasyon pwodwi chimik”.

Konvenki sou plis pase yon 20 tèn reyalizasyon nan plizyè grand vil ak divès seksyon kominal nan peyi Dayiti, direksyon Fondasyon an nan sans sa a, deside san dout, vire pwojektè yo sou 2e seksyon Kawo-Dati, ka pral fasilite, jèn gason ak jèn fanm nan Wo-Moustik, ak divès lòt zòn anviwonant yo, vin aprann fabrike pwodwi chimik ak endistriyèl gratis ti cheri.

Seminè sa a, ki konte òganize nan lekòl nasyonal Kawo-Dati a, pral fasilite plis pase yon santèn jèn fanm ak jèn gason aprann fabrike plizyè pwodwi tankou : Pinol, klowòks, vinèg, mistolin, savon likid, pafen lwil, tampiko ak espòt-chek, poun site sa yo sèlman.

Pandan ke fòmatè yo ap pare pou al resevwa aprenan yo nan dat kap 16-17 jyen kap vini la, direktwa Fondasyon an ak tout ekip li ap di yo byenvini e bon aprantisaj.

Comments are closed.