Maten 08 fevrye 2026 lan, tè a tranble pandan plizyè fwa nan Jeremi

02 – 08 – 2026
Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Maten 8 fevriye 2026 lan, li te nan vè setè, kote ke depatman Grandans lan te fè fas ak plizyè sekous goudou goudou. Plizyè komin depatmantal te sekwe avèk yon aktivite sismik, yon magnitid 5.50 nan Lès peyi Kiba, rejyon Gwontanamo.
Sekous yo ki rive jouk nan peyi Ayiti, an pati sou Jeremi pa fè dega materyèl ni pèt an vi imèn. Sepandan, panik yo pat piti nan mitan popilasyon an. Plizyè sitwayen te oblije pran deyò pou yo; kèk lòt te abrite yo nan espas ki pi sekirize, selon temwayaj yo.
Nap raple, anpil fwa genyen gro tranbleman tè ki fèt, lapli konn abitye tonbe pandan plizyè jou avan; kit se tranbleman tè katòz dawout 2021 an, se preske menm kad figi a. Toujou genyen anpil kè sote, paske depatman Grandans lan, presizeman Jeremi se yon zònn malè pandye, anpil rejyon yo trè vilnerab akòz jan konstriksyon yo fèt.






