Otorite panyòl yo mete men sou Youri Chevry ke lapolis ayisyèn t’ap chèche tankou chyen fou

212

02/14/2021

Dajàbon, Sen Domeng_______(TRiboLAND) Otorite dominikèn pwosede ak arestasyon ansyen majistra Kafou a Youri Chevry ke otorite ayisyèn t’ap chèche tankou chyen fou avèk yon manda pote vini.

Yo arive mete men sou Mesye Chevry nan zòn Dajàbon, zòn limitròf komin Wanament, rejyon Nòdès peyi. Li te genyen yon manda pote vini ki te pandye sou tèt akoz enplikasyon li nan mouvman Fantòm 509 la.

Otorite panyòl yo ap gen pou remèt militan politik la nan de pla men otorite ayisyèn yo ki bezwen ansyen majistra Kafou tankou tè sèk ki bezwen lapli. Konsa, se pràl yon gwo kou pou opozisyon an.

Comments are closed.