10 moun mouri, 70 lòt enfekte, se bilan maladi kolera a, kap taye banda nan vil Jakmèl, nan depatman Sidès peyi Dayiti.

863

06-10-2023

Jakmèl, Ayiti _____(TRiboLAND) Sòti 1 pou rive madi 6 jen 2023 a, plis pase 10 moun mouri nan epidemi kolera, 70 lòt enfekte ap resevwa swen nan sant tretman kolera nan lopital jeneral Senmichèl, nan vil Jacmel. Kidonk, se bilan pasyèl maladi kolera a nan depatman Sidès peyi a.

Sivalye, Meyè, Kamaya ak Bremann, se kèk lokalite otorite sanitè yo resanse plis moun ki viktim nan epidemi kolera a, dapwè direktè lopital jeneral Senmichèl la nan vil Jakmèl, msye Jeudi Nondan.

Direktè medikal la, Jeudi Nondan mande tout moun ki abite nan zòn sous dlo ki alimante lokalite yo, pou yo pa konsome dlo yo, an annatandan (DINEPA) vin fè tès li pou rive detèmine mikwòb kap viktim popilasyon an.

Toutfwa, responsab lopital jeneral Senmichèl la, mande ak MSPP Santral pou fasilite yo jwen kèk pèsonèl sante pou ede yo fè fas kare ak flanbe kolera a, ki genyen nan komin Jakmèl la, pandan lap soulinye anpil nan responsab lopital la, deja ki te peyi a, nan kad pwogram imanitè prezidan ameriken an, Joe Biden.

Nap fè remake, soti mwa oktòb 2022 pou rive jen 2023, genyen 700 moun ki pèdi lavi yo nan epidemi kolera epi 45,000 lòt enfekte, dapwè responsab Òganizasyon Mondyal Sante yo (OMS) nan kad yon konferans depwès yo bay jedi 8 jen 2023 pase a, nan peyi Jenèv.

Comments are closed.