Grandans operasyon polis: yon bandi notwa bwè dlo bouch li nan komin Chanbelan

928

06-10-2023

Chanbelan, Ayiti_____(TRiboLAND) Operasyon polisyè nan komin Chanbelan okazyone lanmò yon bandi notwa ki pote non “Patecho”. Bandi sila ki pat manje anyen ki fwèt, te fè pati gwoup gang Nosly ap dirije a. nan komin nan. Patecho mache pòs li, aprè ke li te fin fè gro boukantaj kout zam ak lapolis.

Anpil moun ta bat bwavo pou ditròp la; konsa, rete kwè se youn anmwens ki tonbe dòmi.
Fok nou fè remake malgre yon bon valè bandi sangwen tonbe nan Chanbelan nan zòn Boukan, sa pa anpeche lòt jèn gason entegre ekip gang Nosly a.

Comments are closed.