Nòdwès: Seremoni livwezon materyèl tankou rejis ak fòmulè nesans pou tout biwo eta sivil

460

Pòdpè___(TRiboLAND) “Jodi a se yon gwo jou pou depatman Nòdwès la,” sa se pawòl Komisè gouvènman bò kote Pakè Tribinal Sivil Pòdpè a, Mèt Bellamin Volney Jean nan kòmansman seremoni pasasyon rejis ak fòmilè pou nesans, selon enstriksyon yo te resevwa bò kote Minis jistis ak sekirite piblik la.

Li te vè midi jodi mèkredi 10 jwen an lòske divès antite tout kalite te reponn nan Pakè tribinal Sivil Pòdpè a pou seremoni livwezon materyèl ou dokiman pou tout biwo eta sivil nan tout komenn depatman Nòdwès la. An pwezans Dwayen tribinal la, Delege depatmantal la, Batonye Lòd Avoka yo, Direktè depatmantal polis la, ekip pakè Pòdpe a, ofisye eta sivil, ak lapwès tout kalite te fè deplasman.

Komisè gouvènman an, Mèt Bellamin te fè li klè pou tout moun ke livwezon nouvo materyèl sa yo antre nan kad demach gouvènman pou ekipe tout biwo eta sivil yo ak dokiman ki konfòm e ki kapab fasilite tout moun kouche ak nesans petit yo san tèt fè mal e nenpòt ki kote.

Delege depatmantal la te fè bat bouch tou yon fason pou te ekspwime volonte gouvènman ke lap defann nan. Answit se te antèvansyon Dwayen an ki tap klarifye enpòtans ou wòl ofisye eta sivil yo ki pa la pou fè rakèt nan fè moun peye pou “ak nesans”.

Objektif leta a, se sispann fè moun peye pou ak nesans; li dwe yon bagay gratis pou tout sitwayen. Li pa kesyon pou moun kap redije ak la ap pran kòb sou kote nan men konsène a; tout sa yo se pami yon pakèt entèvansyon ki te fèt nan seremoni sa ki fèt an pwemye nan Nòdwès e ki gen pou inisye egalman nan tout lòt pwovens yo atravè tout peyi a.

Ychmuth Corneille, TRiboLAND

Comments are closed.