Komisyon dyalòg, rekonsilyasyon ak konsyantizasyon pou sove Latibonit, lanse yon mach pasifik jounen madi 5 desanm 2023 a, nan komin Sen-Mak.

837

12 – 04 – 2023

Sen-Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou sove popilasyon an anba grif divès gwoup gang kap feraye depi yon bon bout tan nan depatman latibonisyèn nan, komisyon dyalòg, rekonsilyasyon ak konsyantizasyon pou sove Latibonit, lanse yon mach pasifik jounen madi 5 desanm lan, kap gen pou demare nan lokalite ” Anba Gwomòn”, vè 9è AM, ki pral bout devan Pakè a.

Pòt pawòl komisyon an, Bertide Harace ki tap pale, site yon latriye revandikasyon anfavè Polis rejyon Ba- Latibonit lan tankou : ogmantasyon efektif polisye yo, mwayen lojistik ak finansye pou polisye yo, poun site sa yo sèlman, se prensipal revandikasyon dapwè yo kap pèmèt polisye yo leve eskanp figi depatman an.

Yon lòt bò, pòt pawòl la mande ak tout pitit rejyon Ba-Latibonit lan, mobilize, leve kenpe, pou jounen madi 5 desanm 2023 a, paske yo pa deside kite yonn nan grenye peyi a, ” Latibonit” ap kontinye pase mizè anba grif gang sangwen zèl sapat.

Wè pa wè, randevou kase byen bonè jodi maten 5 desanm 2023 a, pou egzije gang yo kraze rak paske viktwa a se pou pèp kap goumen li ye.

Comments are closed.