Operasyon PNH nan Latibonit: 2 polisye blese, 3 bandi bwè dlo bouch yo ak 12 lòt arestasyon

360

01/15/21

Latibonit______(TRiboLAND) Yon operasyon Ajan Fòs Lòd yo nan peyi Dayiti mennen yo operasyon nan depatman Latibonit jedi 14 janvye 2021. Nan operasyon sa: 3 bandi fè vwèl nan peyi san chapo ak 12 arestasyon.

Kèk enfòmasyon lokal arive fè kwè ke youn nan chèf gang sangwen toupwisan, Odma Louissaint ta blese anba bàl; yon enfòmasyon ke TRiboLAND pa arive konfime.

Operasyon sa te mete an evidans basyon bandi ame yo nan depatman Latibonit lan depi 12 janvye 2021 an. Anpil kou zàm chante depi kèlke jou, alòske 2 polisye arive blese e “ogatwa mistik” ou “kwa bawon” chèf gang sangwen Odma Louissaint krabinen e yon gro koulèv krible anba bàl.

Paralèlman Odma pwofite sou yon radyo nan kapital la, avili yon seri gwo chabràk gro palto nan gouvènman an kap jere endistri kidnapping nan e ki travay avèk anpil rezo bandi atravè peyi a ke yo djobe pou sere moun yo kidnape yo pou yo.

Comments are closed.