Joseph Jean Wislet kritike magouy kap fèt nan imigrasyon wanament lan, pou bay dominiken yo paspò ayisyen.

891

06-10-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Depi yon bon bout tan, Joseph Jean Wislet, pa sispann fè yon seri gwo revelasyon nan kad dosye paspò a, isit nan peyi Dayiti. Lè se pa pou li denonse, li pwopoze.

Pou jèn Nòdwès la, li remake genyen gwo magouy kap fèt nan biwo imigrasyon branch Nòdès la, patikilyèman nan Wanament, kote plizyè dominiken ap kite lakay yo, pou vin fè paspò ayisyen, nan objektif pou benefisye pwogram imanitè prezidan ameriken an, Joe Biden.

Nap raple ou, sitwayen mal entansyone lòt bò fwontyè a, gen konpòtman sa a, se akòz, peyi vwazen an, pa yon benefisyè nan kad pwogram imanitè prezidan ameriken an kite kòmanse, depi nan kòmansman ane 2023 a.

Comments are closed.