Fondasyon TRiboLAND klotire 3 jounen seminè gratis li yo sou fabrikasyon sandal atizanal ak valiz nan komin Basen-Ble.

1,181

12-03-2023

Basen-Ble, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen dimanch 3 desanm 2023 a, Fondasyon TRiboLAND arive mete fen ak 3 jounen fòmasyon gratis li yo, sou fabrikasyon sandal atizanal ak valiz.

Anviwon 50 jèn fanm ak jèn gason kite sòti nan divès kwen nan komin nan, patka kenbe souri sou lèv yo nan moman kloti a. Anpil kontantman ak bwavo pat kapab pat sispann klewonnen anfavè Staff Fondasyon TRiboLAND lan, ki deside kontinye fè fas kare ak fòs fè nwa kap pwomote delenkans jivenil nan chomaj lanfè.

Fòmasyon sandal ak valiz la te reyini yon bon valè patisipan ki te triye estratejikman selon diferan zònn nan komin Basen-Ble. Li te totalman gratis e li te chita sou “la loi du donnant donnant”, ki ta vle di; sa ou pran gratis nan TRiboLAND, oud we avèk anpil koutwazi pase li bay 3 ou 4 a 5 sitwayen ayisyen.

Fondasyon TRiboLAND : Formasyon gratis sou Fabwikasyon sandal ak valiz pou jenn yo Nan Basen-Ble ak zonn ozalantou – 12-03-2023

Atelye travay yo te divize an 2 sesyon: nan 2 premye jou yo, aprenan yo te aprann fè plizyè kalite sandal kui ak divès bèl koulè, epi dènye jou a, ta pral konsakre sèlman sou fabrikasyon valiz.

Nan sans sa a, fòmatris la, Mme Ermithe Lamy, pat kache satisfaksyon li pou li te felisite bèl reyalizasyon aprenan yo nan kad 3 jounen fòmasyon sila yo, ki ta pral mete anvalè konpetans teknik ak kapasite daprantisaj chak patisipan.

Fondasyon TRiboLAND pap fè bak nan akonpanye sila yo ki nan povrete ak mal site. Li deside tout bon vre, san fòs kote, lage degidon nan sak kòlèt fenomèn delenkans jivenil lan, pandan li kontinye ap akonpanye jenès la ak yon metye manyèl pou anpeche yo tonbe nan jwe marèl atravè peyi Dayiti.

Comments are closed.