Ensekirite: Jij depè komin Basen-Ble a, Me Audier Aimé solisite konkou fòs lòd yo

263

11\19\20

Basen-Ble____(TRiboLAND) Aprè bandi san fwa, ni lwa fin fouye, vyole, touye answit kidnape pasajè ki abitye fè trajè Potoprens-Pòdepè sou wout Basen-Ble, komin depatman nòdwès la pandan tout yon wikenn semèn pase a, popilasyon ap viv nan gwo enkyetid.

Konsa, jij depè tribinal komin Basen-Ble a, Me Aimé Audier, ki estime menm li menm k ap rann jistis nan komin nan, sekirite l pa garanti. Kidonk, li pran baton pèleren l pou rankontre, jounen jodi a, otorite yo nan Palè Jistis Pòdepè tankou komisè gouvènman an, dwayen ak wo kòmandman polis Nòdwès la, komisè divizyonè a Monès Auguste yon fason pou pèmèt abitan nan Basen-Ble reprann konfyans.

Majistra a, Me Aimé Audier ki kontinye ap denonse zak kriminèl bandi ak zàm sa yo ap komèt sou popilasyon Basen-Ble a, daprè sa li konfye Triboland. Jij la kontinye pou’l di ke li eseye rankontre otorite yo nan Pòdepè pou rezon nou pral site yo la :

a. Lavi popilasyon an pa garanti, savledi bandi sa yo ki achte komin Basen-Ble lajan kontan, kapab mete fen nan lavi abitan yo lè lide yo di yo.

b. Tout bandi ki t’ap simen latwoublay nan komin Sen Lwi Dinò – Chansól, depatman Nòdwès, vin enstale baz yo nan komin Basen-Ble.

c. Polisye bandi ak zàm te touye anndan komisaryra Basen-Ble a depi lane pase a, pako janm jwenn moso jistis.

d. Nòdwès vin tounen kachèt pou banbi yo.

Pou tout rezon sa yo, jij depè tribinal komin Basen-Ble a, Me Aimé Audier di li swete otorite yo nan Nòdwès, fòs de lòd yo sitou, pran mezi ki nesesè pou mete yon bout nan klima laperèz sa a ki enstale nan komin sa bandi achte lajan kontan.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.