Yon nouvo direktè jeneral enstale nan tèt Mèri Pòdpè a, jounen mèkredi 7 jwen 2023 a.

1,041

Métélus Lidieu, se non nouvo direktè jeneral mèri Pòdpè a, li ranplase nan pòs sa a, mesye Carlin Michel.

06-08-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan prezans divès anplwayè nan mèri a, prezidan ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a, Josué Alusma, pwosede ak seremoni enstalasyon yon nouvo direktè jeneral, ke tout moun konnen sou non, Métélus Lidieu, kap gen pou mennen teknikman bak mèri Pòdpè a, pandan yon ti bout tan.

Ansyen kandida pou pòs KAZEK la, ke tout moun konnen sou non “Lase Bòt”, yon natif-natal Lakwa Sen Jozèf, pwomèt li pral travay men nan men, ak popilasyon an, yon mannyè pou yo ka rive jwenn rezilta y ap chèche a.

Nouvo direktè jeneral mèri a, kite responsab sèvis mache yo nan lane 2016-2017, enstalele ayè mèkredi 7 jwen 2023 a, e li ranplase nan pòs sa a, mesye Carlin Michel, ki kite peyi a, nan kad pwogram imanitè pawòl prezidan ameriken an, Joe Biden.

Comments are closed.