Basenble: distribisyon materyèl eskolè pou timoun lekól yo

331

12\15\20

Basenble, Pòdpè______(TRiboLAND) Plizyè etablisman eskolè nan komin Basenble, depatman Nòdwès, resevwa jounen madi 15 desanm 2020 sa a materyèl eskolè tankou : enstriman jewometri, kreyon, plim, kaye, valiz ak soulye pou timoun lekòl ki pi vilnerab nan rejyon an.

Prezidan Ajan Egzekitif Enterimè komin Basenble a, msye Anthony Manigat ki t ap posede ak distribisyon materyèl eskolè sa yo nan divès lekòl nan vil Basenble ak nan plizyè seksyon kominal li yo, deklare se gras ak demach li bò kote Premye Dàm Repiblik la, Martine Moïse ki pèmèt timoun lekòl yo nan rejyon an benefisye materyèl esklolè sa yo pou ane eskolè 2020-2021 an.

Ansyen majistra komin Basenble a e ki aktwèlman prezidan ajan egzekitif enterimè komin nan, rapouswib pou di tou se gras ak demann sa a bò kote Premye dàm Repiblik ki lakoz timoun nan komin Basenble, sila yo ki pi vinerab yo, ki nan plis bezwen yo, kapab reprann chemen lekòl la ane sa a. Selon Anthony Manigat, soulye pou tifi ak tigason yo te evalwe a plis pase 2 a 3 mil pè konsa.

Benefisyè yo, timoun lekól yo pa t kache satisfaksyon yo. Yo mande pou otorite yo nan peyi Dayiti toujou panse ak yo. Yo ankouraje otorite yo tou pou yo mete kantin eskolè nan lekól yo k ap pèmèt yo aprann pi byen paske toujou selon timoun sa yo, “Sak vid pa kanpe.”

Saint Jean wiskis

Comments are closed.