Men Kisa TRiboLAND konnen sou pwojè konstriksyon sitèn dlo nan lokalite Ofouno a.

984

11-14-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Kontrèman ak sa ki ekri kòm nòt, ni sou Kont Facebook Mèri Pòdpè a, ak lòt rezo sosyal yo ki ta fè kwè ke, pwojè konstriksyon sitèn ki konstwi nan 3è seksyon Polen/Lakòn, lokalite Ofouno a; se ta Mèri Pòdpè ki finanse’l se nad-marinad.

-Nan fouye zo nan kalalou, korespondan TRiboLAND yo rive dekouvri ke se “PROTOS” ki finanse pwojè sila. Trou manti pa fon!

-Ki sa “PROTOS” la ye? Nan ki domèn aktivite ke’l travay? Protos, se yon òganizasyon entènasyonal kap travay nan Nòdwès depi plizyè lane. Òganizasyon sila travay nan domèn dlo potab ak dlo agrikòl.

-konstriksyon sitèn ke PROTOS finanse nan 3è seksyon Polen/Lakòn nan, genyen yon kapasite 8000 galon dlo kap gen pou desèvi divès lòt abitasyon nan lokalite Ofouno.




Comments are closed.