8 jwen chak ane pou kretyen katolik Romen yo se Fèt Dye.

1,078

06-08-2023

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Malgre moman kalamite kretyen legliz kotolik yo nan Jeremi, pou kenbe tradisyon kiltirèl, relijyez yo; nan okazyon Fèt Dye a, divès aktivite realize tankou la mès nan pawas Katedwal Sen Lwi nan Jeremi, malgre lokal legliz lan te detri pandan tranbleman tè 14 dawout 2021 an.

Fèt Dye a tonbe nan yon kontèks tèt chaje pou depatman Grandans lan ki deja alagoni. Konsa, sa pa anpeche fidèl katolik yo fè repozwa nan Fwaye Kiltirèl lan, ki se pwopwiyetè legliz katolik nan Jeremi. Yon posesyon te pakouri divès ri nan vil Jeremi kite al bout nan lakou lekòl frè Paulin an.

Se sèten pou ane 2023 a, katastròf natirèl yo makònen ak pwoblèm sosyo, politik, ekonomik peyi a; konsa, pa genyen anpil ekpozisyon, dekorasyon nan lari yo ak kay fidèl legliz katolik yo jan sa te konn fèt nan tan lontan an. Nan romeli okazyon an, kire pawas la, Makaty Emile te mete aksan sou nesesite pou kretyen katolik yo, aji ak lafwa yo nan Bondye pou yon chanjman reyèl pou pèp ayisyen an.

Comments are closed.