Kontrèman ak sa kap panpennen, tout pòt lopital OFATMA yo ap rete louvwi, dapwè Doktè Agabus Joseph

289

04/12/2021

Delma______(TRiboLAND) Otorite responsab OFATMA yo mete 2 men nan tèt avèk anpil konstènasyon lè yo ap gade dimansyon anlèvman avèk zak sekestrasyon ki arive komèt sou direktè medikal enstitisyon an, Doktè Andr”e Valembrun Junior dimanch 11 avwil 2021 an.

Konsa, kontrèman  ak yon seri rumè kap panpennen sou rezo sosyàl yo ki preteann ke pòt lopital OFATMA yo ap fèmen, Doktè Agabus Joseph konfime ke se “achi fo”, pa gen kesyon sa ditou ditou; tout pòt lopital ap rete tou louvwi. Li mande tout pèsonèl yo kenbe tout sanfwa yo pandan ke DCPJ ak santinèl anti-kidnapping yo deja ap fè bwàs sou yon parèy dosye. Anplis, genyen yon selil kriz ki deja anplas anndan OFATMA kap swiv evolusyon sitiyasyon an.

Doktè Joseph pwofite voye yo makòn remèsiman bay tout sa yo ki pote solidarite yo bay direktè medikal la e mande liberasyon san pèdi tan, Doktè André Valembrun Junior.

Comments are closed.