Jedi 8 Jen 2023, Nòt Denonsyasyon

855

06-08-2023

Mouvman pou Libere Ayiti (MOLHA) kondane atak miskle nèg ak zam fè sou Kowòdonatè Nasyonal li, Senatè Evallière Bauplan, lakay li Taba 60 zòn sun auto mèkredi ki te 7 jwen an nan aprèmidi, Gras ak detèminasyon ak plis vijilans lapolis ansyen palmantè a sove anba fòs fè nwa yo.

MOLHA te toujou sèten ak konvenki ke batay kont dilapidatè ke Senatè a te deside mennen nan nivo Sena Repiblik lan, pat piti. Nou te atann nou ke dilapitatè yo tap reyaji, men ale jis ka tante sasinen kowòdonatè a fizikman aprè tout tantativ yo pou sasinen karaktè l pat vini nan lide nou. Nap egzòte tout sila yo ki konnen yo tap banbile nan vòlè lajan Petrocaribe a pou yo tann lajistis pou mete kòd nan kou yo olye pou yap peye gang pou anfonse yo pi fon nan pratik malsen yo.

Ansyen reprezantan Nòdwès lan ap kontinye fè pridans pandan nap egzije fòs lòd yo pran responsabilite yo. Peyi an paka kontinye ap konte zak malonèt sa yo. Ke dilapidatè yo rekonèt yon fwa pou tout ke asasinen Bauplan ou nenpòt ki lòt moun pap blanchi yo. Rapò a pa pou yon moun e lemond antye deja ranmase travay ki te fèt la.

Batay lan ap kontinye kontinye, fòk lajistis finalman triyonfe.

Kowòdinasyon Nasyonal MOLHA

Comments are closed.