Nòdès/ Politik : Yon ansyen senatè deklare ke se peyi Lafrans ak Etazini ki responsab mizè san parèy pèp ayisyen an

2,794

05-26-2022

Alatèt IPAM (Inisyativ Patriyòt Marien) nan, Jean Baptiste Bien-Aimé, reyajiv sou piblikasyon latriye atik jounal ameriken “The New-York Times yo”.

Ansyen senatè Nòdès la bay peyi Lafrans ak Etazini responsab mizè pèp ayisyen an ap viv jounen jodia. Daprè Bien-Aimé, ameriken yo nan lane 1914 te kase epi piye bank santral peyi pandan yo te pote ale tout lajan peyi a.

Senatè a ki pat mete dlo nan bouch li pou l akize peyi Lafrans ak Etazini kòm kolon eskanmòtè san pitye yo nan sa ki gen pou wè ak mizè soufrans, kalamite ak agoni peyi Dayiti. Paralèlman, kritik yo pa sispan bay ochan pou “The New-York Times” ki pete apse a! Anpil moun estime li te lè, li te tan pou yon jounal konsa te prezante yon kokennchenn atik ki fè yon seri gro revelasyon pou demaske pi plis toujou peyi kriminèl yo ki toujou vle fè tèt yo pase pou gro chanpyon nan demokrasi, alòske yo responsabilize dezumanite ak soufrans ennimajinab pèp ayisyen an depi dig dantan. Se yon gro kout klòch ayibobo pou Ayiti.

Jn simon Manex Triboland

Comments are closed.