Yon ventèn bandi sangwen ame, atake rezidans ansyen senatè Evalière Beauplan douvanjou maten an nan Taba 60

1,182

06-08-2023

Taba, Ayiti____(TRiboLAND) Yon group bandi ame jous nan dan ke yo pa arive idantifye anvayi lakay ansyen senatè Evalière Beauplan nan Taba 60, douvanjou maten jedi 8 jwen 2023 a.

Bandi sila yo ki te apepwè yon ventèn ki tap manniganse pou penetre baryè rezidansyèl senatè a, te jwen anpil rezistan ak bandoulyè sekirite ansyen senatè a ki ta pral repouse yo. Zam chante pandan 4 èdtan. Sepanda, bandi sangwen yo, ki te toujou ansèkle estrikti rezidansyèl la, te kontinye ap krible li anba bal.

Yo ta pral chape poul yo, kèk tan aprè entèvansyon ou ranfò yon inite SWAT TEAM ki te ekipe ak 2 blende ki arive sekouri senatè a e ale avèk li nan lye sekrè e sekirize. Daprè yon sous ke TRiboLAND ka fè konfyans, konfime ke inite swat la ki ta pral entèvni pou sove lavi senatè a, te jwen anpil difikilte pou yo te delivre yo minisyon.

Antouka, senatè Evalière Beauplan soti sen e sof nan atak manman penba ki fèt douvanjou maten jedi a nan Taba 60. Nòdwès manke andèy!

Comments are closed.