Komin Bonbadopolis ak Bèdeyèn, ap trese lèl anba gwo dega, aprè pasaj gwo tanpèt lapli ki tap tonbe, nan dat 1 ak 2 jwen ki sot pase a.

1,069

Pou pipiti 2 moun mouri, 75 kay inonde, 700 moun deloje, san konte jaden yo ki ale, se bilan gwo tanpèt lapli ki tap tonbe sou 2 komin nan ba- Nòdwès la.

06-06-2023

Bonbadopolis, Ayiti____(TRiboLAND) Gwo volim lapli ki tap tonbe sou depatman Nòdwès la, lakòz pou pipiti 2 moun mouri, 75 kay inonde, 700 moun deloje, plizyè tèt bèt disparèt,san konte aktivite jaden yo dlo pote ale nan Komin Bonbadopolis ak Bèdeyèn.

Yonn nan responsab 2 komin yo ki tap pale fè konnen, mizè popilasyon an vin ogmante pi plis ke jan sa te ye avan. Aprè anviwon 6 mwa lapli pat tonbe, tout zannimo ak jaden peyizan yo te fin deperi.

Entèvansyon ajan egzekitif enterimè a, Joseph Daguil, ta ka fè kwè, se tout fòs peyizan yo ki fin disparèt nan yon bat je.

Antouka, pwoblèm inondasyon, pwoblèm enfrastrikti woutyè ak sanitè, pwoblèm lamanjay, se divès kalite pwoblèm ki pa janm sispann sakaje kotidyen peyizan yo nan Ba-Nòdwès, se tankou’w ta ka di, moun yo fèt, men yo pap viv.

foto: MPPhography



Comments are closed.