Paske anplè kriz la ap pran jarèt, Senegal deside fèmen konsila li yo lòt bò dlo

1,088

Daka, Senegal_____(TRiboLAND) Sitwayèn ak sitwayen Senegal, anndan kon deyò fwape pye yo aprè pwosè “Sweet Beauty” a, ki kondane lidè politisyen, Ousmane Sonko pou al pase 2 lane dèyè bawo pou kòripsyon jivenil. Swit ak kondanasyon figi politik enpekab sila, konsila jeneral yo arive sakaje anba men pitit Senegal kap viv ni anndan, ni deyò peyi.

Deblozaj nan plizyè enstitisyon diplomatik, fòse ministè Afè Lòt Bò Dlo peyi Senegal la, fèmen konsila jeneral yo pou yon ti bout tan, jiskas ke gouvènman an anonse nouvèl dispozisyon.

Nap raple, Konsila senegalè a nan Milan, pami bwat diplomatik ki te pi sagaje, e sitwayen yo te menm arive atake konsil la.

Comments are closed.