Responsab lopital OFATMA yo nan Nòdwès peyi Dayiti lanse yon jounen pòt ouvèt nan dat lendi 13 me k’ap vini la.

05 – 11 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Apre plizyè gwo briganday ak eskandal kòripsyon ki t’ap klèwonnen sou do responsab lopital OFATMA yo nan depatman Nòdwès la, finalman san lanse seremoni pou yon inogirasyon, responsab yo lanse yon jounen pòt ouvèt nan lopital sila, nan dat lendi k’ap 13 me 2024 la.
Dapwè enfòmasyon nou jwenn bò kote kèk responsab, objektif jounen pòt ouvèt sila ap gen pou fèt nan lide pou envite popilasyon an vin fè konesans ak diferan sèvis lopital la mete sou plas pou sèvi kominote a.
Nouvèl jounen pòt ouvèt sila, lage gwo wounou wounou nan mitan plizyè manm nan popilasyon an ki ta fè kwè, responsab yo kouri louvri lopital la yon mannyè pou bare bwa, bouche chemen fas ak plizyè dosye kòripsyon tankou, detounman materyèl ki te disponib pou sèvi lopital la, kòb pou te konstwi 5 km wout sòti Twarivyè pou rive Lasalin, poun site sa yo sèlman, ki tap sikile sou do responsab yo.







