“Model Jazz” kite Ayiti pou al pèfòme nan Naso, Bayamas

12/23/2025
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Yon lòt gwo etap franchi pou mizik konpa dirèk la nan depatman Nòdwès la. Model Jazz, youn nan djaz k ap monte nan vil Pòdpe, kite Ayiti jodi madi 23 desanm 2025 lan pou al fè yon tounè mizikal nan Naso, Bayamas.
Depa sa a vin make twazyèm djaz ki sòti nan Nòdwès, e sitou nan vil Pòdpe, ki rive pèfòme sou sèn entènasyonal la nan ane 2025 lan. Aprè FRIZZ ak K-ZI, se kounya Model Jazz ki leve defi a, sa ki konfime bon dinamik mizikal k ap pran fòs nan rejyon an.
Ane 2025 lan parèt tankou yon ane referans pou djaz nan Nòdwès la, kote plizyè gwoup fè gwo pa, enpoze non yo epi pote drapo mizik ayisyen an pi lwen. Eksplwa sa yo montre klèman ke Pòdpe pa sèlman yon vil politik ak kiltirèl, men li tounen tou yon bazen talan mizikal.
Nan istwa mizik rejyon an, aprè peryòd dominasyon djaz tankou All Stars ak Sinik, sou reny mizisyen emblematik tankou Inober ak Papy Love, yon nouvo jenerasyon djaz ap ekri pwòp chapit pa yo. FRIZZ te frape fò ak nouvo albòm li a “Leve defi a”, pandan Model Jazz ap vini ak pwòp idantite mizikal li.
Jodi a, konpa dirèk la ap pran yon lòt dimansyon nan Nòdwès, ak plis vizibilite, plis anbisyon, epi plis prezans sou sèn entènasyonal. Sa montre mizik ayisyen an kontinye evolye, menm nan zòn yo souvan mete sou kote.






