Nan yon mesaj video, prezidan dezinye Mécène Jean Louis mande sitwayen ayisyen yo pou yo bay demokrasi a jarèt

214

02/18/2021

Pòtoprens______(TRiboLAND) Nan yon ti bat bouch 4 munit video, prezidan repiblik opozisyon ak divès lòt òganizasyon nan sosyete sivil la dezinye pou bay tranzisyon an jarèt, Mèt Joseph Mécène Jean Louis envite sitwayen ayisyen yo pou yo angaje yo nan ranfòse demokrasi a ki se pi gwo chantye nasyonal manman penba.

Nouvo prezidan an ki deklare ke li trè enpresyone pou volum moun ki t’ap manifeste patikilyèman nan kapital la nan dàt 14 ak 15 fevriye e ki t’ap rele chalbarik dèyè dictatè te reyèlman trè ankourajan.

Daprè jij ki pi rasi pami jij Lakou Kasasyon an ke Jovenel voye envolontèman nan retrèt la, genyen anpil defi ou anpil barye ki gen pouk raze jiskaske pou nou arive  refè eskanp figi peyi a e mete li sou wout progrè.

Kèk nan defi sa yo gen pou wè ak òkanizasyon eleksyon lib e onèt; yon eleksyon ki genyen anpil valè pwiske peyi a chwazi mache nan demokrasi, daprè nouvo prezidan an ki t’ap depose nan kanpe lwen pa pwoche.

Comments are closed.