Pati Politik ROCH mande pou popilasyon an bay mouvman “Bwa kale” a, yon dimansyon sosyolojik.

846

06-04-2023

Envite jenès la nan patisipasyon politik aktiv peyi a, pati politik “Regoupman Òganize pou yon Chanjman Dayiti” (ROCH), mande ak jèn gason e jèn fanm vize sosyete a.

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Prezidan Fondatè Pati Politik ROCH la, Evens Toussaint, mande pou popilasyon ayisyèn nan bay mouvman “Bwa kale’ a, yon dimansyon sosyolojik.

Prezidan an, nan entèvansyon’l lan fè konnen, nan moman difisil peyi a ye la, nou dwe panche non sèlman sou chak envidivi kap viv nan peyi a men tou, nou dwe reflechi sou tout gaspiyaj fon ak resous peyi a, ki pa janm sispann gagote.

Soulinye lajan CIRH, Fon Petwo Karibe, fon nan trezò piblik ak divès lòt fon, pou prezidan fondatè a, gaspiyaj kòb sa yo, te ka sèvi pou ede peyi a nan travay drenaj, nan konstriksyon ki tap pare pou reziste kont katastwòf natirèl, konstui lekòl, inivèsite ak bèl lekòl.

Anpil zòn ap naje nan dlo, lopital inonde, moun paka manje, pwoteksyon sivil pa gen mwayen pou pote sekou, Leta santral ak lokal pa egziste, nou pa dwe rete gade.

Fas ak seri zak malonèt, ak konpòtman endesirab sa yo, Evens Toussaint, bò kote pal fè konnen, moman an sa a, se yon moman ki favorab pou jèn yo pran desten yo nan men yo, pandan yap bay mouvman “Bwa kale” a yon dimansyon sosyolojik.

Comments are closed.