Grandans : aprè 3 jounen lapli, kòm sipriz tè a tranble.

1,013

06-04-2023
Grandans Ayiti- ( TRiboLAND) Li te nan lè 4 trè 6 minit 29 segond jodi dimanch 4 jwen 2023 a, pou yon ènyèm fwa, tè a tranble nan depatman Grandans peyi a.

Aktivite latè tranble sila, kote ke episant lokalize nan komin Abriko; li pakouri 8èm seksyon kominal Jeremi, Kafou sanon, sant vil Jeremi, Sasye, Gran Vinsan, komin Mowon, Dam Mari, lokalite Sous chod nan komin Chanbelan, pou’ n site sa yo sèlman.

Selon konsta TRiboLAND rive fè, nan moman gwoudou gwoudou a ki sekwe divès zònn rejyon Grandans lan, ak yon vitès 4.30 sou Echèl Richtè, bay abitan zònn sila yo gro kè sote ak tranble janm.

Enfo yo sijere ke majorite moun ki te andedan kay yo te leve kouri sòti pou al refije yo nan la ri ak sou plas piblik yo. Dye mèsi pasaj yon parèy aktivite latè tranble a pa fè dega materyel ak pèt an vi imènn; tou senpleman kèk sitwayen ki te anrejistre kèk grafwiyen nan moman yo tap tante evakye.

Comments are closed.